top of page
  • CONTRA COVID

Tout detay ou bezwen konnen sou chèk estimilasyon Coronavirus la

IRS ak Depatman Trezò a te anonse ke y’ap ditribiye chèk estimilasyon Coronavirus yo nan twa pwochen semèn yo. Pifò moun ki te ranpli taks yo ap resevwa chèk la otomatikman. Sa vle di ke sitwayen Ameriken ak rezidan legal ap resevwa chèk pou sekou sa. moun ki te fè mwens ke $ 75,000 ap resevwa tout montan $ 1200. Koup marye ap resevwa $ 2400. Moun ki resevwa sosyal sekirite ak travayè ray tren yo tou kalifye. Moun ki gen depandan ap resevwa jiska $ 500 pou chak depandan ki gen mwens ke 16 zan. IRS ap otomatikman voye lajan an bay moun nan fason yo te chwazi jwenn kòm taks ane pase yo a. IRS la pral itilize enfòmasyon ki sou Fòm SSA-1099 la oswa Fòm RRB-1099 pou moun ki pa oblije ranpli yon deklarasyon taks epi ki pat fil taks pou ane 2018 ou ane 2019. Kidonk, granmoun aje yo, moun ki resevwa Sosyal Sekirite yo ak travayè ray tren ki nan retrèt ap resevwa peman sekou sa a.

Ou ka aksede lwa a entyèman isit la e pou dènye enfòmasyon ki soti nan IRS la, tanpri klike isit la.






46 views2 comments

Recent Posts

See All
bottom of page