top of page
  • Angela

Trasaj Kontak Dijital: Sa Ou Dwe Konnen

20 me, 2020, Google ak Apple te lanse teknoloji trasaj kontak mobil yo a pou ede ak efò COVID-19. Olye de yon sèl aplikasyon nasyonal, chak eta ki chwazi pou itilize teknoloji Google ak Apple a dwe devlope pwòp iOS yo ak aplikasyon android pou rezidan yo. Men sa ou bezwen konnen pou pwòp entimite’w ak sekirite’w pandan eta yo ap deside si yo pral adopte inovasyon an:




1. Èske patisipasyon nan trasaj kontak dijital la obligatwa?

Nenpòt applikasyon trasaj kontak dijital ap . Ni gouvènman ni okenn konpayi teknoloji pa ka kolekte ou pataje estati enfeksyon COVID ou san konsantman ou. Menm si ou ou aksepte, ou ka chwazi nan nenpòt moman pou’w fèmen teknoloji a.


2. Kijan teknoloji a ap travay?

Teknoloji a itilize Bluetooth pou detèmine si’w antre an kontak ak yon moun ki enfekte. Li fè an difizan yon siyal yo rele yon "Beacon"-yon bann nimewo o haza fèw rete anonim ou- soti de aparèy mobil ou a lòt aparèy, ki pral rikòde e sovgade siyal la. Pandan ke l’ap voye pwòp siyal li pou lòt moun, telefòn ou a ap an mèm tan aksepte siyal ki soti nan lòt aparèy. Siyal sa yo pral kodifye dire a (tan) ak fòs (distans) de entèraksyon an.


Itilizatè yo ki te teste pozitif pou COVID-19 ak ki te konsanti yo pataje enfòmasyon sa a nan appikasyon an pral gen siyal inik dokimante nan yon lis dyagnostik pozitif. Omwen yon fwa pa jou, chak telefòn pral konpare pwòp lis entèn siyal li yo - ki reprezante moun ke ou te antre an kontak avèk yo nan dènye 14 jou yo — pou siyal yo sou lis dyagnostik pozitif la. Si gen yon match, lè sa a ou y’ap voye yon notifikasyon pou enfòme ou de COVID-19 ekspozisyon ou e ap konseye’w de pwochen etap yo.

De distenksyon enpòtan:


Teknoloji montre pwoksimite, pa lokal. Sa vle di ke pandan ke applikasyon an kapab detèmine ki moun ou te vin an kontak avèk, li pa ka di ki kote sa te pase.

Teknoloji a sèlman notifye de ekspozisyon, pa sous ekspozisyon an. Menm si ou chwazi pataje rezilta tès pozitif ou nan app la, non ou ak lòt enfòmasyon pou idantifye ou pap janm pataje ak Apple, Google, oswa itilizatè ke ou te an kontak avèk yo. Moun ki ekspoze yo p'ap janm konnen ki moun ki sou lis la ki teste pozitif.

3. Si mwen chwazi yo patisipe, ki jan yo pral jere done’m yo? Ki dwa konfidansyalite mwen yo?

teknoloji Apple ak Google a itilize yon modèl desantralize pou depo done yo, enfòmasyon sante ou ki estoke sou pwòp telefòn ou, olye ke nan yon baz done santral kontwole pa gouvènman an oswa pa Apple ak Google. Ou kontwole done yo e desizyon pou pataje yo.

Yo kapab sèlman itilize done yo pou trasaj kontak; yo pa pèmèt lapolis oswa monetizasyon. Anplis de sa, nenpòt apps ki itilize teknoloji Apple ak Google a dwe efase done yo apre ke li pa nesesè ankò.

3. Si mwen chwazi yo patisipe, ki jan yo pral jere done’m yo? Ki dwa konfidansyalite mwen yo?

teknoloji Apple ak Google a itilize yon modèl desantralize pou depo done yo, enfòmasyon sante ou ki estoke sou pwòp telefòn ou, olye ke nan yon baz done santral kontwole pa gouvènman an oswa pa Apple ak Google. Ou kontwole done yo e desizyon pou pataje yo.

Yo kapab sèlman itilize done yo pou trasaj kontak; yo pa pèmèt lapolis oswa monetizasyon. Anplis de sa, nenpòt apps ki itilize teknoloji Apple ak Google a dwe efase done yo apre ke li pa nesesè ankò.


4. Ki limit teknoloji sa a?

Patisipasyon: Pou trasaj kontak dijital yo dwe efikas, ekspè nan sante piblik kwè 60 pousan nan Ameriken popilasyon an dwe abonè’l. Li ka difisil pou jwenn majorite sa, a coz de mank de confyans ak sekirite nan gouvènman an e nan endistri teknoloji a.


Presizyon: teknoloji Apple ak Google itilize Bluetooth pou detèmine pwoksimite moun yo. Paske Bluetooth penetre nan mi yo ak fenèt fèmen, li pa ka distengue ant senaryo ki nan distans egal ak dire men gravite a trè diferan. Pa egzanp, de moun ki ap pale 2 pye lwen lòt san mask pou figi yo gen gwo risk pou transmisyon. Kontrèman, de moun ki nan machin pwòp yo, ki chita 2 pye atravè chak lòt nan anbouteyaj ak fenèt yo fèmen gen mwens risk de transmisyon. Sa vle di kapab genyen fo positifs lè yo notifye de ekspozisyon, lè an reyalite, yo pat an kontak ak yon moun ki enfekte.

Angajman: Paske teknoloji Apple ak Google an desantralize, li depann de itilizatè a pou pran responsabilite. Si moun ki teste pozitif pa rapòte estati yo nan app a, moun ki ekspoze pap jen enfòmasyon sa. E, si moun ki resevwa yon notifikasyon pa izole tèt yo epi chèche teste, trasaj kontak dijital pa pral kontribye anpil nan efò detansyon an. Sa vle di, trasaj kontak dijital pa yon solisyon sengilye nan batay kont kowonavirus la; li dwe travay an menm tan ak lòt mezi piblik ak prive kòm yon pi gwo estrateji sante piblik.


5. Èske mwen ta dwe enskri pou teknoloji sa a?

Alafen, sèlman ou ka pran desizyon sa pou tèt ou. Sikonstans chak moun inik; olye pou’n fè yon rekòmandasyon jeneralize, objektif dokiman sa a se pou ede ou gade avantaj ak dezavantaj yo epi rive ak yon konklizyon enfòme.

9 views0 comments

Recent Posts

See All
bottom of page