- CONTRA COVID
CDC rekòmande ke tout moun mete mask nan espas piblik
Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) kounye a rekòmande pou tout moun Ozetazini mete kouvèti figi twal nan anviwònman piblik, espesyalman nan zòn kote mezi distans sosyal difisil pou kenbe, tankou nan boutik oswa famasi. Mete mask twal ka anpeche transmisyon viris la de moun ki enfekte ki pa prezante okenn sentòm a lòt moun. Mask twal yo ka fèt avèk atik nan kay l men yo pa dwe mete yo sou jenn timoun ki poko gen 2, nenpòt ki moun ki gen pwoblèm pou’l respire, oswa ki san konesans, oswa otreman ki pa kapab retire mask la san asistans. Rekòmandasyon kouvèti twal la pa mask chirijikal oswa respiratè N-95. Sa yo se materyèl kritik ki dwe rezève kontinyèlman pou travayè swen sante yo ak lòt premye sekouris medikal, rekòmande aktyèlman pa gid CDC a.

Photo credit: Casey Orozco-Poore